Relasyon ant peyi Etazini ak peyi Venezyela ap vin gen plis tansyon tankou fil wot tansyon, sou fon anpil deklarasyon politik youn plis pike tankou piman bouk pase lòt, deplwaman militè nan Karayib la ak reyaksyon diplomatik plizyè peyi. Pandan Washington pale de operasyon sekirite maritim kont trafikan dwòg, plizyè dirijan nan Amerik Latin ap mande prekosyon pou evite yon eskalad ame nan rejyon an.

Depi plizyè semèn, relasyon ant Washington ak Caracas ap antre nan yon nouvo faz tansyon. Deklarasyon prezidan ameriken Donald Trump, ki pa eskli opsyon militè kont Venezyela, te akonpaye ak ranfòsman prezans naval Etazini nan Karayib la, ansanm ak mezi kontwòl sou bato petwòl k ap transpòte petwòl Venezyelyen. Nan mwens pase yo mwa, peyi Etazini deja vòlè tankou pirat 2 bato petwòl Venezyela selon deklarasyon dirijan peyi Venezyela pandan peyi Etazini yo menm pale de sezi 2 bato ki te sou sanksyon. Sitiyasyon sa a pwovoke reyaksyon diplomatik nan Amerik Latin ak sou plan entènasyonal, pandan plizyè obsèvatè ap suiv evolisyon dosye a ak anpil atansyon.

Avètisman lidè rejyonal yo

Nan kad somè « Mercosur » la ki te fèt nan « Foz do Iguaçu », prezidan Brezil la, Luiz Inácio Lula da Silva, te eksprime enkyetid li fas ak posiblite yon entèvansyon militè Etazini nan Venezyela. Li te avèti sou konsekans imanitè yon konfli ame ta ka genyen sou emisfè sid la, pandan li te souliye risk pou sa ta etabli yon presedan nan relasyon entènasyonal yo. Deklarasyon sa yo vini kèk jou apre yon entèvyou televize kote Donald Trump te deklare li pa mete sou kote opsyon lagè kont Caracas. An paralèl, gouvènman Ameriken an fè konnen li ap mennen operasyon maritim ki vize rezo trafik dwòg nan zòn Karayib la. Daprè otorite Venezyelyen yo, operasyon sa yo deja lakoz plis pase san moun mouri. Jiskaprezan, Etazini pa pibliye okenn prèv piblik ki ta etabli yon lyen dirèk ant bato yo te entèsepte yo ak aktivite ilegal yo mansyone a. dyalòg

Nan menm kontèks la, prezidan Lula fè konnen li dispoze fasilite dyalòg ant Washington ak Caracas, nan objektif pou diminye tansyon yo epi evite yon eskalad militè nan Amerik Latin. Pou kounye a, pwopozisyon medyasyon sa a poko resevwa okenn repons ofisyèl nan men otorite Ameriken yo. An menm tan, gouvènman Venezyela a anonse li resevwa soutyen diplomatik nan men Iran, apre fòs Ameriken yo te sezi yon lòt bato petwòl toupre kot peyi a. Minis afè etranjè Venezyela a, Yván Gil, fè konnen Teheran ta eksprime volonte pou ranfòse koperasyon bilateral la, nan kontèks tansyon k ap ogmante sou lanmè tou pre peyi Venezyela. Otorite Iranyen yo konfime te gen echanj ant responsab de peyi yo, kote yo te pale de solidarite politik ak devlopman relasyon ant de Leta yo, san yo pa bay detay sou mezi konkrè.

Pozisyon alye Venezyela yo

Iran se youn nan alye istorik Venezyela. De peyi yo te siyen yon akò koperasyon pou ven ane an 2022, ki deja pèmèt echanj nan domèn enèji, alimantasyon ak sante. Lòt peyi tankou Larisi ak Lachin fè konnen yo ap suiv sitiyasyon an epi yo bay soutyen politik yo fas ak ranfòsman prezans militè ameriken an nan rejyon Karayib la. Pou kounye a, pa gen okenn eleman ki konfime yon angajman militè dirèk lòt aktè entènasyonal bò kote Venezyela. Reyaksyon yo obsève yo rete sitou nan domèn diplomatik, pandan tansyon an kontinye ap devlope ant Washington ak Caracas, anba siveyans kominote entènasyonal la.

Laisser un commentaire

Designed with WordPress

En savoir plus sur Ayiti Souvren

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture