Nan moman Ayiti ap travèse youn nan pi gwo kriz politik, sekiritè, ekonomik ak sosyal nan listwa resan li, kesyon tranzisyon politik la vin plis ijan. Aprè 7 fevriye 2026, pèp ayisyen an ap poze tèt li yon kesyon fondamantal : Eske tranzisyon aktyèl la avèk KPT a dwe pwolonje, oswa èske li lè pou yon nouvo lidèchip pran direksyon peyi a ? Se nan kontèks sa a jounal Ayiti Souvren reyalize gran antrevi sa a avèk Hébert Lahatte, konsiltan-fòmatè, detantè yon metriz nan jesyon nan yon Inivèsite fransè. Hébert Lahatte se Sekretè Jeneral Kanpay pou Libète, pou Edikasyon ak Revolisyon Mantal (KLEREM), yon òganizasyon sosyopolitik k ap milite pou refondasyon LETA AYISYEN sou baz souverènte, jistis, edikasyon ak chanjman mantalite.
Dapre ou, èske Ayiti bezwen pwolonje tranzisyon an oswa lanse yon nouvo demaraj politik aprè 7 fevriye ? Poukisa Aprè 7 fevriye 2026, pèp ayisyen bezwen yon nouvo lidèchip pou l resi genyen tranzisyon pa l la : tranzisyon koupe fache avèk sistèm kòwipsyon, enpinite, inegalite sosyal ak ensekirite sa a.
Ki pi gwo erè tranzisyon aktyèl la selon ou ? KPT sa se yon wont. Li pa akonpli menm youn nan pwen swadizan akò ki te mete l sou pouvwa a, te di pou l fè.
Ki delè ou pwopoze pou nenpòt nouvo tranzisyon ? Tranzisyon koupe fache sa a dwe gen 18 mwa maksimòm pou remèt pouvwa a bay moun ki eli.
Ki wòl akò politik yo dwe jwe ? Alòske nou rantre nan yon rèy malefik akò akwòkò enkonstitisyonèl k ap separe gato pouvwa, akò politik yo dwe fasilite bon gouvènans nan respè Konstitisyon 1987 la. Nou pa nan Konstitisyon amande.
Èske kondisyon yo reyini pou eleksyon kredib ? Non ! Nou dwe gen sekirite total nan peyi nou anvan eleksyon. Si se pa sa, kominote oksidantal la, elit politik, ekonomik ak entèlektyèl restavèk li yo ap fè eleksyon malatchong (seleksyon) pou mete sou pouvwa ofisyèlman gang a kravat ak gang a sapat.
Ki plan sekirite ou pou eleksyon yo ? Mwen pa ekspè nan sekirite. Sèlman, mwen konnen pèp ayisyen bezwen sekirite sou tout tèritwa nasyonal la pou eleksyon kredib kapab fèt.
Ki refòm ou pwopoze pou sistèm elektoral la ? Mete an plas yon nouvo Konsèy elektoral avèk lòt manm ki pwòp. Kritè chwa manm yo dwe egzijan anpil sou kalifikasyon akademik, etik ak pase yo. Refè konkou pou pèsonèl machin elektoral la sou tout teritwa peyi a. Chak depatman dwe gen yon komisyon sosyete sivil pou valide rezilta konkou yo. Konsèy elektoral pa dwe jwe wòl pati ak jij an menm tan. CSCCA ta ka fòme 6 kad nan chak biwo depatmantal pou tande plent ak kontestasyon. Desantralize sistèm nan : chak depatman dwe gen sant tabilasyon pa li. Etidyan inivèsite LETA, piblik ak prive yo kapab ofri peyi a yon jounen gratis pou jesyon elektoral.
Ki wòl kominote entènasyonal la dwe jwe ?Kominote entènasyonal la dwe jwe wòl obsèvatè. Sèlman sa ! Si gen lajan pou ede eleksyon, se kominote entènasyonal la kòm antite ki ka bay lajan. Ayiti pa gen dwa resevwa lajan pou eleksyon nan men okenn peyi.
Ki estrateji ou genyen pou demantle gang ame yo ? Mwen pa ekspè nan sekirite. Sèlman, mwen konseye : LETA arete, jije epi derasinen gang a kravat ak gang a sapat, kontwòl idantite, fwontyè, pò, ayewopò, dwàn, imigrasyon, entegre bon grenn ajan BESAP nan lame a, netwaye Lapolis la. Lame ak Lapolis dwe trake, arete oubyen elimine gang yo. Rejte fòs ame etranje, aksepte èd pou ekipman ak fòmasyon peyi tankou (Boukinafaso, Kiba, Kolonbi, Venezyela)
Ki wòl PNH, FADH ak fòs etranje yo dwe jwe nan sekirite peyi a ? Nou pa dwe nan fòs etranje ki toujou la pou malè nou.
Ki pozisyon ou sou negosyasyon ak gang ?Pou sa gang ak kravat ak gang ak sapat fè mas pèp ayisyen, pa dwe gen okenn negosyasyon avèk gang. Negosye ak gang se yon madichon pou nasyon an. Kesyon vòlò ap rele bare vòlò a dwe sispann !
Eske ou angaje w pou relanse dosye PetroKaribe ? Wi ! Krim finansye sa yo dwe jije kòrèkteman, peyi nou dwe rekipere tout milya dola vòlò yo.
Ki mezi pou garanti endepandans lajistis ?Fòmasyon kalite, etik, enpasyalite, meritokrasi, bon salè, sanksyon. Lalwa dwe aplike san paspouki. Sistèm jidisyè peyi a dwe refòme totalman.
Ki plan ou pou konbat lavi chè ? Kore agrikilti, elvaj, lapèch, pwodiksyon nasyonal. Ankouraje kowoperativ, gwo chantye piblik. Bon gouvènans, konbat kòwipsyon. Òganize sèvis enspeksyon kont aferis.
Ki sektè ekonomik ou priyorize ? Endistri, kòm yon sektè total ki mare avèk syans, teknoloji, rechèch, inivèsite ak fòmasyon pwofesyonèl.
Ki mezi ki dwe aplike pou kreye travay pou jèn ak fanm ? Ekite fanm gason, fòmasyon pwofesyonèl ak inivèsitè kalite, estaj garanti, antreprenarya, finansman ak ensitasyon fiskal.
Ki plan ijans pou sante piblik ? Nouri pèp la an premye ak yon pla cho chak jou nan lekòl yo. Sistèm siveyans epidemi. Sant sante nan chak seksyon, lopital nan chak komin. Asirans sante pou tout moun.
Ki refòm ou pwopoze pou edikasyon ?Envesti jiska 3 fwa plis nan edikasyon. Repatriye sistèm edikatif la. Fòmasyon pwofesè, aksè ekitab, sipò pou ekselans ak rechèch.
Ki vizyon ou pou pwoteksyon sosyal ?Pwoteksyon sosyal, sitou asirans sante, se devwa LETA. Patenarya piblik-prive ka ede kouvri tout popilasyon an.
Kijan ou defini souverènte Ayiti jodi a ? Yon LETA ki depann de etranje pa souvren. Yon pèp ki grangou pa souvren. Pèp ayisyen dwe pran desten l an men.
Ki relasyon ou swete bati ak patnè entènasyonal yo ? Relasyon ki chita sou Dwa Entènasyonal, koperasyon gayan-gayan, miltipolarite, espesyalman ak Etazini.
Ki plas dyaspora a ? Dyaspora a se Ayisyen tankou tout Ayisyen. Menm dwa, menm devwa, ak adaptasyon si sa nesesè.
Kijan pèp la kapab patisipe nan desizyon LETA ? Gras ak edikasyon, vijilans, chwa dirijan onèt, refi demagoji.
Ki garanti pou libète laprès ? Libète laprès garanti pa lalwa. Laprès dwe etik, kalifye, epi sèvi nan enterè pèp la.
Ki mesaj ou bay pèp ayisyen an sou aprè 7 fevriye ? Pèp ayisyen dwe mobilize pou tabli tranzisyon pa li. KPT a dwe reponn devan lajistis. Im nasyonal ou an: Desalinyèn anseye nou : Inite se fòs nou.
Laisser un commentaire