Lise Pinchinat ki nan vil Jakmèl ap selebre 165 lane egzistans li samdi 6 desanm 2025 lan. Responsab yo ap envite tout sitwayen Jakmèl yo vin an foul pou selebre 165yèm anivèsè li samdi 06 desanm 2025 lan. Y ap chante yon mès a 8è nan maten nan Sal Polivalant Jakmèl, epi festivite yo ap kontinye ak fanfa lekòl ki ap soti depi nan lokal mès la ap chante a pou antre nan lakou enstitisyon an. Doktè, enjenyè, pwofesè, avoka, agronòm, senatè, depite, ekonomis, direktè : nou menm ki jodi a okipe gwo pòs nan administrasyon piblik la ak nan sektè prive a, sonje anpil nan nou se nan Lise Pinchinat nou te aprann li, ekri, reflechi. Se la nou te fè premye pa nou pou vin moun nou ye jodi a. Prezans nou ta yon gwo rekonesans pou enstitisyon ki te fòme nou an. Menm jan avè m, ansyen elev Pinchinat, k ap la jou sa a, nou menm tou retounen vin selebre lekòl nou an, fyète nou, eritaj nou.
Depi 165 lane, Pinchinat fòme kad k ap konstui nasyon ayisyen an. Pwomosyon NS4 lane akademik sa a ki pote non « Renesans » ansanm ak tout kominote Lise Pinchinat a ap tann nou an kantite pou jounen istorik sa a.
Jonathan Gédéon, ansyen aprenan nan Lise a.

Laisser un commentaire