Yon jèn fi nwa ki t ap mache pou l te antre lekòl. Li te pou kont li. Alantou li, yon foul moun t ap rele, t ap joure, t ap menase l : “Retounen Lafrik, makak.” Non li se Elizabeth Eckford. Lekòl la se te Little Rock Central High School, nan vil Little Rock. Jou sa a, se pa sèlman yon elèv ki t ap chèche antre nan klas li. Se prensip egalite a menm ki t ap eseye pase baryè rasis la. Foto yo pran nan moman sa a fè lemond antye sezi. Sou figi li pa gen ni kriye ni kòlè. Gen diyite, gen fòs, kouraj yon jenn fanm 15 lane ki te deside mache dwat malgre yon foul te vle manje li tou kri san yon grenn sèl. Dèyè li, gen rayisman k ap bouyi, malgre sa, li te mache tèt li byen dwat ak fyète. Imaj sa a vin tounen yon senbòl nan batay pou dwa sivil Ozetazini.

Lwa chanje, men mantalite yo pa chanje fasil
Nan lane 1954, Lakou Siprèm Etazini te rann yon desizyon istorik : Brown v. Board of Education. Desizyon sa a te di klèman segregasyon nan lekòl piblik yo pa t konstitisyonèl. Li te kraze ansyen prensip “separe men egal” ki te soti nan jijman Plessy v. Ferguson. Sou papye, egalite te deklare. Nan reyalite, anpil moun pa t pare pou aksepte l. Nan Arkansas, 9 elèv nwa te chwazi pou antre nan lekòl segondè ki te rezève pou blan yo. Yo vin rele yo “Little Rock Nine”. Men gouvènè a, Orval Faubus, te voye Gad Nasyonal la pou te anpeche yo antre ale suiv kou malgre lalwa te pèmèt sa. Elizabeth pa t resevwa mesaj ki te di pou l pa t vini. Li te rive pou kont li. Li te mache. Li te fè fas ak yon foul ki plen rayisman, yon foul ki te vle manje l tou vivan paske l te nwa.

Hazel Bryant t ap suiv epi joure Elizabeth Eckford pandan Eckford tvap mache kite lekòl Rock Central High apre gad nasyonal Arkansas te anpeche l rantre.
Francis Miller/Life Pictures/Shutterstock
Lè Leta oblije pran pozisyon kriz la te pran dimansyon nasyonal
Finalman, prezidan an, Dwight D. Eisenhower, te deside aji. Li te mete Gad Nasyonal Arkansas anba kontwòl federal epi li te voye sòlda pou pwoteje elèv yo. Imaj sòlda ame ki t ap akonpaye timoun pou antre lekòl te frape konsyans anpil moun sitou sila ki te nan Nò peyi Etazini. Sa montre yon verite enpòtan : pafwa, lalwa bezwen volonte ak kouraj pou li ka tounen reyalite. Se pa tout moun ki dakò chanjman, lè yo pa dakò, yo prè pou yo fè tout bagay pou anpeche sa. Se pou sa Leta dwe gen bon mwayen pou fè lalwa respekte.
Antre nan lekòl blan yo pa t vle di yo te aksepte l kòm moun

Elizabeth Eckford ak fanmi li ki t ap gade tele, Little Rock, Arkansas, 1957.
Francis Miller/Life Pictures/Shutterstock
Menm apre yo te fin antre, batay la pa t fini. Andedan lekòl la, yo te sibi jouman, menas, izòlman. Nan liv li Warriors Don’t Cry, Melba Pattillo Beals rakonte presyon ak laperèz yo te viv chak jou. Sa Little Rock montre nou, rasis pa sèlman nan lwa; li ka chita nan mantalite, nan silans moun ki chwazi pa di anyen.
Ayiti : premye Repiblik nwa ki leve tèt li
Poukisa istwa sa a make nou konsa, nou menm Ayisyen? Paske nou konnen sa sa vle di lè yo di ou : “Ou pa gen plas ou la.”An 1804, anba direksyon yon gwo mapou :Jean-Jacques Dessalines, apre lit ki te kòmanse ak jeneral Toussaint Louverture, esklav ki te leve kanpe yo te deklare endepandans Ayiti. Yo pa t sèlman kraze chenn esklavaj. Yo te kraze lide yon moun nwa fèt pou li rete anba pye lòt moun. Napoleon Bonaparte, lidè fransè nan epòk sa a te voye pi gwo lame nan mond lan pou repran kontwòl Sendomeng aktyèlman Ayiti, nan lide pou te remete zansèt nou yo anba sistèm esklavaj la. Men pèp la te chwazi libète olye soumisyon. Little Rock ak endepandans Ayiti pa menm bagay. Youn se te yon batay pou aplike yon desizyon lajistis; lòt la se te yon lagè kont esklavaj. Men rasin lan menm : goumen pou diyite moun nwa rekonèt san kondisyon, san rabè.

De epòk diferan, menm leson
Nan Little Rock, yo te di : “Retounen Lafrik, bann makak.” Nan koloni Sendomeng, yo te konsidere nwa kòm byen pou vann. Nan toude ka yo, yo t ap refize yon pèp dwa pou egziste kòm moun. Repons lan te diferan, men lespri a te menm jan : pa bese tèt. Elizabeth te mache san zam. Dessalines te goumen ak zam nan men l. Men toude te montre kouraj yon moun oswa yon pèp ka chanje direksyon listwa.
Memwa zansèt yo pa dwe sèlman fyète, li dwe responsablite
Nou fyè dèske Ayiti se premye Repiblik nwa endepandan. Men fyète pa sifi. Little Rock fè nou sonje : dwa yo dwe pwoteje chak jou. Libète pa yon dekorasyon; li se yon devwa. Zansèt nou yo te kraze esklavaj. Men èske nou menm, jodi a, nou konbat tout fòm mepri, enjistis sosyal, eksklizyon ki egziste lakay nou ? Istwa Elizabeth Eckford envite nou gade tèt nou. Ki jan nou trete sila yo ki pi frajil yo ? Ki jan nou defann diyite moun lè li menase ?Diyite pa gen koulè pati. Li pa gen klas sosyal. Li pa gen fwontyè.

An 1957, yon jèn fi te mache pou l antre lekòl. An 1804, yon pèp te leve pou l reklame limanite pou tout pèp. Tou de istwa sa yo raple nou yon verite ki pa janm pèdi valè li :egalite pa tonbe nan syèl. Li mande sakrifis, kouraj, detèminasyon. Elizabeth pa t kouri. Dessalines pa t fè bak. E nou menm jodi a, lè moman verite a rive, èske n ap gen fòs pou nou mache pou chanje sa malgre tout obstak?
sous:
●Brown v. Board of Education, Cour suprême des États-Unis, 17 mai 1954. ●Archives de la National Archives and Records Administration : dossier “Little Rock Integration Crisis”, 1957. ●Proclamation présidentielle de Dwight D. Eisenhower, 24 septembre 1957. ●Warriors Don’t Cry, Melba Pattillo Beals, 1994. ●Acte de l’Indépendance d’Haïti, 1er janvier 1804, Archives nationales d’Haïti.

Laisser un commentaire