Nicolás Maduro, prezidan Venezyela administrasyon Trump lan ranvèse a, ansanm ak madanm li, te plede non koupab lendi devan tribinal federal Ameriken an pou plizyè akizasyon, pami yo trafik dwòg ak lòt krim grav. Sa rive de jou apre aksyon ilegal kote prezidan Trump te rive kaptire yo nan yon operasyon militè Etazini te mennen nan Karakas, kapital peyi Venezyela.

Prezidan Maduro, te prezante tèt li devan jij la kòm prezidan Venezyela epi li te di yo te “kidnape” li. Prezidan Maduro ak madanm li, Cilia Flores, te parèt devan Jij Alvin K. Hellerstein nan Manhattan, yo te mete mayo manch kout ble fonse sou inifòm prizonye koulè zoranj. Yo ap fè fas ak akizasyon tankou nako-teworis ak konplo pou ekspòte kokayin, dapre yon akizasyon ofisyèl yo te rann piblik kèk èdtan apre yo te arete yo.

Arestasyon sa a make fen yon kanpay ki te dire plizyè mwa administrasyon Trump lan te mennen pou chase prezidan Maduro sou pouvwa a. “Mwen inosan. Mwen pa koupab. Mwen se yon nonm onèt, ” Prezidan Maduro te di atravè yon entèprèt apre yo te mande l pou li bay deklarasyon li. Sa ka pran plis pase yon lane anvan yo menm rive chita yon jiri pou egzamine prèv yo kont li ak madanm li. Pi bonè, pandan yon reyinyon Asanble Nasyonal Venezyela a, pitit gason prezidan Maduro a, Nicolás Maduro Guerra ki nonmen tou nan akizasyon an te fè yon gwo diskou. Li te di papa li ak sa li rele “dezyèm manman” se kidnape Etazini “kidnape” yo , epi li te ajoute mond lan ap fè fas ak yon “retou danjere” nan enperyalis. Antanke manm Asanble a depi 2021, li te lanse apèl bay “ tout pèp mond lan” pou montre solidarite ak fanmi li ak Venezyela. Menm lè sa a, lidè pwovizwa Venezyela a, Delcy Rodríguez yon moun ki nan sèk pwòch Maduro te pwopoze dimanch swa pou travay ak Etazini sou yon “ajanda koperasyon”. Men Prezidan Trump te repete deklarasyon li kote li di gouvènman ameriken an gen kontwòl dirèk sou Venezyela, li di Etazini “an chaj” peyi a. Sa te kontredi pawòl Sekretè Deta Marco Rubio, ki te kite konprann administrasyon an t ap pito fòse nouvo lidèchip Karakas la kolabore.

Prezidan Trump te menm fè alizyon Etazini ta ka pran aksyon kont lòt peyi, tankou Kolonbi, Meksik ak teritwa Danwa Groenland ki gen yon sèten otonomi. Lè yo te mande l si sa te ka vle di yon operasyon ameriken kont Kolonbi, li te reponn: “Sa sonnen byen pou mwen.” Deklarasyon sa yo te lakòz reyaksyon melanje. Prezidan Kolonbi a te avèti nenpòt tantativ pou arete li t ap pwovoke kòlè popilè. Premye minis Danmak la, yon alye nan OTAN, te mande prezidan Trump pou li “sispann menas yo”. Men prezidan Meksik la, Claudia Sheinbaum, te minimize deklarasyon yo: “Se jis fason Prezidan Trump pale” .

Men lòt pwen enpòtan pou konnen :
- Konsèy Sekirite a : Konsèy Sekirite Nasyonzini an te reyini an ijans pou diskite sou operasyon agresyon Etazini an. Anbasadè Venezyela a te chita ak yon figi ki make tristès nan kòmansman reyinyon an.
- Anbasadè ameriken an, Mike Waltz, te di pa gen “lagè kont Venezyela ni kont pèp li a”, epi li te rejte akizasyon kèk lòt manm ki di aksyon Etazini yo ka destabilize rejyon an.
- Briefing Kongrè a : Apre palmantè Demokrat yo te plenyen yo pa t enfòme sou plan Etazini pou Venezyela, responsab administrasyon Trump lan prevwa bay lidè Kongrè a yon sesyon enfòmasyon lendi aprè midi.
- Petwòl Venezyela : Omwen 16 bato petwòl ki anba sanksyon ameriken sanble te eseye evite yon gwo blokaj naval Etazini mete sou ekspòtasyon enèji Venezyela a nan de dènye jou yo, an pati lè yo t ap kache kote yo ye vrèman. Prezidan Trump fè konnen li vle louvri gwo rezèv petwòl Leta Venezyela a pou konpayi ameriken yo.
Laisser un commentaire