UNASMOH, kanpis Jakmèl, louvri pòt konesans yo pou yon nouvo jenerasyon
Nan yon atmosfè chaje ak enèji, ak figi ki klere lespwa, Inivèsite Ameriken Syans Modèn Ayiti (UNASMOH), kanpis Jakmèl, te òganize yon seremoni rantre ki pa t sèlman yon aktivite, men yon evennman ki make lavi, yon chimen ki louvri pou plizyè santèn jèn ki pare pou pran desten yo an men. Lokal inivèsite a nan zòn Mazaren, Meyer , te tranble ak emosyon, ak batman kè etidyan yo ki vin ekri premye liy nan pwòp istwa pa yo. Seremoni an te dewoule anba tèm « Inivèsite a nan kè sosyete a », yon tèm ki sonnen tankou yon apèl pou tout jèn ki vle fè chanjman, ki vle grandi, ki vle vin limyè pou kominote yo. Se te yon moman kote pawòl te jwenn pwa, kote vizyon te pran fòm, kote rèv yo te santi yo tèlman posib. Nan mesaj li ki te plen ak fòs melanje ak sajès, agronòm Ernst Jean Philippe, kowòdonatè kanpis la, te adrese yon gwo kout chapo bay nouvo kòwòt la : « Jodi a, nou pa sèlman resevwa etidyan. Nou resevwa lidè, nou resevwa chanjman, nou resevwa avni Ayiti. Chak nan nou pote yon flanm, e UNASMOH la pou fè flanm sa a briye pi fò toujou ». Se sa li te deklare pandan yon vag aplodisman t ap leve nan sal la. Li te raple tou ke UNASMOH se yon espas kote disiplin se zam, konesans se pouvwa, karaktè se fondasyon. Li envite etidyan yo pou yo viv lavi akademik la ak pasyon, pou yo antre nan batay lavi a ak kouraj, ak pou yo sèvi kominote yo avèk diyite.

Jodi a, nou pa sèlman resevwa etidyan. Nou resevwa lidè, nou resevwa chanjman, nou resevwa avni Ayiti. Chak nan nou pote yon flanm, UNASMOH la pou fè flanm sa a briye pi fò toujou »
Pwofesè yo, ak vwa ki chaje ak eksperyans, te pase mesaj yo : « Siksè pa vini pa aza. Li mande swe, detèminasyon, li mande tou yon lanmou pou aprann ». Yo ankouraje nouvo admi yo pou yo pa pè poze kesyon, pou yo pa pè reve, pou yo pa pè demontre kapasite yo.
Atik sa a kapab enterese w tou :https://ayitisouvren.com/2025/11/26/ayiti-nan-repiblik-eskandal-yo-ye-apaid-jodi-a-fritz-jean-e-demen-ki-lot/
Apre sa, te gen temwayaj ki t ap touche kè moun : Yon ansyen etidyan ki vin jodi a yon pwofesyonèl respekte konfese : « Se nan UNASMOH mwen te jwenn fòmasyon ki te chanje lavi m. Pa janm dekouraje. Chak jou pote pwòp vèsyon viktwa li». Tout moun ki te la yo te kapab santi vibrasyon rèv fiti pwofesyonèl yo nan sal la. Entèvansyon sa yo te endispansab pou motive tout etidyan yo nan yon peyi kote ale lekòl ak nan inivèsite tounen yon zak rezistans kont yon sistèm enjis k ap detui chak jou pitit peyi a. Entèvansyon yo te pote limyè, chak aplodisman te pote lespwa, chak souri te anonse yon avni kap fleri malgre sitiyasyon malouk n ap viv nan peyi a.

Siksè pa vini pa aza. Li mande swe, detèminasyon, li mande tou yon lanmou pou aprann.
Seremoni an te fini nan yon klima kote lespwa te vin tounen fòs, kote tout moun rete kwè nouvo ane akademik sa a pral yon ane kote inisyativ pral pran nesans, kote pwojè pral fleri, kote UNASMOH ap kontinye klere kòm youn nan poto mitab nan fòmasyon jenn fanm ak jenn gason nan depatman Sidès la.
Avèk nouvo kòwòt sa a, UNASMOH, kanpis Jakmèl, montre ankò yon fwa li pa sèlman yon inivèsite, men yon lekòl lavi, yon espas kote jèn yo vin pran vwa, vin pran fòmasyon, vin pran direksyon. Se la jenerasyon demen an ap grandi, avèk konesans nan men yo ak dlo lespwa nan je yo, kote yo pare pou konstui yon Ayiti ki pi estab, ki pi jis, ki pi pwomèt pou tout pitit peyi a.
Makendy BOURSIQUOT : Kominikatè-jounalis, tewolojyen, kontab.
Laisser un commentaire