Ayiti nan Repiblik Eskandal yo: Yè Apaid, Jodi a Fritz Jean, e Demen… Ki lòt?
Dinamik pwodiksyon enfòmasyon nan peyi a pandan dènye ane yo revele yon modèl ki sanble ak sa literati kominikasyon modèn dekri kòm Information Overload ak News Flooding. Nan yon anviwònman kote nouvèl yo pwodui ak sikile rapidman sou rezo sosyal ak medya tradisyonèl yo, kapasite piblik la pou trete, verifye epi kenbe enfòmasyon vin limite. Anplis, aktè politik yo souvan sèvi ak estrateji flooding pou enfliyanse ajanda piblik la, chanje tapi konvèsasyon an oswa minimize enpak yon eskandal. Atik sa analize André Apaid ak Fritz Alphonse Jean, manm Konsèy Prezidansyèl (CPT), ki bay yon egzanp anpirik sou jan mekanis sa yo fonksyone nan espas piblik ayisyen an.

Information Overload
Teyori Information Overload la eksplike sitiyasyon kote kantite enfòmasyon k ap sikile depase kapasite moun pou trete yo rasyonèlman. Nan yon konjonkti kote medya yo pouse nouvèl chak minit, piblik la vin devlope yon atansyon fragmante epi memwa kolektif la vin efemè. Efè sa a lakòz yon sik enfòmasyon kote yon eskandal ranplase yon lòt, san okenn pwosesis pwofondè ni eksijans responsablite.
Efè sa a lakòz yon sik enfòmasyon kote yon eskandal ranplase yon lòt
News Flooding
News Flooding se yon estrateji kominikasyon kote yo pwodui anpil nouvèl oswa polemik pou toufe oswa distrè atansyon piblik la sou yon sijè ki pa favorab pou yon gwoup oswa aktè. Flooding kapab entansyonèl (pwodiksyon volontèman enfòmasyon pou chanje ajanda a) oswa fonksyonèl (konsekans estrikti medya yo ak konpòtman aktè yo). Nan toude ka yo, li kontribye pou efase enpòtans yon sitiyasyon ak diminye presyon sou moun ki enplike yo.
Flooding kontribye pou efase enpòtans yon sitiyasyon ak diminye presyon sou moun ki enplike yo.
Ant dosye dwog André Apaid la ak sanksyon Fritz Alphonse Jean
Nan fen semèn nan, rezo sosyal yo te pete ak yon videyo kote Lanmo San Jou lanse gwo akizasyon kont André Apaid. Yo mete non li nan mitan seri trafik lou ( dwòg, ògàn, zam) e imaj yo, san prèv klè, te sifi pou brase opinyon piblik la. Endiyasyon te monte, diskisyon te pran dife epi moun te kwè yon gwo dosye jidisyè ta dwe ouvè, konsidere gravite ak enplikasyon sekiritè ak ekonomik deklarasyon sa yo. Men sa pa t pran anpil tan pou sikl nouvèl la vire.
Kèk jou sèlman apre, Etazini anonse sanksyon kont Fritz Alphonse Jean, akize l de lyen avèk gwoup gang yo. Nouvèl la frape ak fòs, sitou paske misye te toujou parèt kòm yon figi moral, yon teknokrat k ap defann nesesite yon “bidjè gè” pou kraze gang yo. Sanksyon Etazini an ranvèse anviwonman politik la e l kreye yon gwo konfizyon nan imaj Fritz Jean t ap tante konstui de li a.
Epi, nan yon peyi kote memwa kolektif la kondui pa tanbou eskandal k ap bat san rete, dosye Apaid la glise tou dousman nan fènwa.
Ka Apaid la ak ka Fritz Alphonse Jean montre kijan espas enfòmasyon an fonksyone kòm yon ekosistèm sismik, kote chak nouvèl vin tounen yon ti tranbleman ki efase tras anvan an. Sa chanje pwosesis responsablite politik yo epi ralanti kapasite sosyete a pou trete estrikti kriminèl ak politik li yo.
Espas enfòmasyon an fonksyone kòm yon ekosistèm sismik
Information Overload
Enfòmasyon an se yon fenomèn estriktirèl, yon rezilta akselere sik nouvèl yo ak kantite kontni ki kominike chak jou. Alòske, News Flooding se souvan yon estrateji aktè politik yo: yo lanse anpil mesaj, eskandal oswa kont narratif yon sèl kou pou swa pwoteje tèt yo, swa detounen atansyon piblik la epi enfliyanse ajanda nasyonal la.
Lè de fenomèn sa yo konbine, yo pwodui yon seri efè ki tounen nòmal nan lavi politik la: yon memwa piblik ki kout, paske chak nouvèl efase yon lòt; yon atansyon ki fragmante, paske okenn sijè pa gen tan rete nan sant konsyans kolektif la; yon opinyon ki enstab, ki chanje ritm rezo sosyal yo; epi yon feblès pwononse nan responsabilizasyon politik, paske presyon piblik la pa janm dire ase lontan pou mennen yon dosye rive nan bout li.
Se poutèt sa menm eskandal ki pi grav yo, kit se akizasyon trafik, koripsyon, oswa lyen ak gang, raman mennen nan ankèt pwofon, demisyon, ni konsekans enstitisyonèl reyèl. Sa ki fè chak eskandal vin kouvri yon lòt, e sistèm nan kontinye fonksyone anba yon lanmè enfòmasyon ki pa janm kite okenn verite pran rasin.
chak eskandal vin kouvri yon lòt, e sistèm nan kontinye fonksyone anba yon lanmè enfòmasyon
Konklizyon
Information Overload ak News Flooding bay yon kad teyorik solid pou konprann dinamik enfòmasyon ak frajilite responsabilizasyon nan peyi a. Analiz ka André Apaid la ak sanksyon Etazini kont Fritz Alphonse Jean revele kijan estrateji kominikasyon, mank regilasyon medya, ak akselerasyon sik nouvèl yo kontribye nan efase eskandal yo rapidman nan opinyon piblik la. Nan yon sosyete ki fè fas ak kriz miltip, konprann mekanis sa yo se yon premye etap pou mete an plas yon ekosistèm enfòmasyon ki pi rezistan, pi pwofon, epi ki pi adapte pou soutni demokrasi ak responsabilite piblik.
Claudy Bastien: Pwofesè – Konsiltan nan Kominikasyon Politik / Relasyon Entènasyonal. Kontak : Claudy.bastien@bue.edu.ar
Laisser un commentaire