Jèn yo pare pou pran pouvwa fwa sa a?

Depi plis pase nèf lane, Ayiti pa gen eleksyon. Se otorite tranzisyon k ap dirije peyi a depi asasina prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021, epi mank sekirite ak enstabilite politik kontinye anpeche pwosesis demokratik la mache. Nan kalandriye Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a : premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo ta dwe fèt 13 desanm 2026, ak yon dezyèm tou ki ta pwograme pou 21 fevriye 2027 — si kondisyon sekirite ak finansman yo respekte.

Une jeune femme vote dans une boîte électorale lors des élections en Haïti, tandis que d'autres jeunes l'observent en attendant leur tour.
Imaj entèlijans atifisyèl ki montre jenn fanm ak jenn gason k ap egzèse dwa vòt yo.

Nan mitan tout ensètitid sa a, se jenès peyi a ki gen plis pou l pèdi — men se li tou ki gen plis pouvwa pou chanje bagay yo.

Yon peyi kote majorite popilasyon an se jèn

Ayiti se yon peyi ak yon popilasyon ki jèn anpil: plis pase mwatye popilasyon ayisyen an gen mwens pase 25 lane. Sa vle di deside sou lavni politik peyi a, se yon desizyon ki gen pou wè dirèkteman ak jenerasyon k ap grandi kounye a. Malerezman, se menm jenerasyon sa a ki ap sibi konsekans lavi chè, chomaj, vyolans gang, ak inaksè ak edikasyon ak sante.

Anpil jèn grandi san yo pa janm wè yon eleksyon nan lavi yo. Sa kreye yon kalite dekoneksyon ant jèn fanm ak jèn gason yo ak sistèm politik la: kijan ou ka gen konfyans nan yon bagay ou pa janm eksperimante menm yon fwa nan lavi w?

Poukisa patisipasyon jèn yo enpòtan nan lavi politik peyi a

Lè jèn yo pa vote, pa patisipe nan deba politik, oswa pa enterese nan lavi sivik, se lavni pa yo ki menase san okenn vwa p ap janm leve pou defann yo. Politik ki fèt san jèn ladan yo souvan neglije bezwen yo: kreyasyon travay pou jèn, aksè a inivèsite ak fòmasyon pwofesyonèl, sekirite nan katye yo, ak opòtinite pou antreprenarya, lwazi elt. Politik ki fèt san entegrasyon ak patisipasyon jèn fanm ak jèn gason se politik magouyè ki favorize boule, kraze ak piye byen moun.

Patisipasyon jèn nan pwosesis elektoral la pa vle di sèlman vote. Sa gen ladan:

  • Enskri sou lis elektoral la kom elektè
  • Patisipe nan deba sivik, kit sou rezo sosyal, kit nan katye
  • Rantre nan òganizasyon jèn oswa sosyete sivil
  • Sipèvize pwosesis eleksyon an kòm obsèvatè lokal
  • Kandida pou pòs lokal oswa nasyonal

Obstak yo pa manke

Fòk nou onèt: pa gen okenn rezon pou n kache difikilte yo. Ensekirite a kontinye anpeche edikasyon sivik ak enskripsyon elektoral fèt nòmalman nan kèk depatman, espesyalman nan depatman Lwès la kote Pòtoprens , ki se kapital peyi a sitiye. Majorite jèn pèdi konfyans nèt nan klas politik la, yo santi yo dekouraje apre plizyè lane pwomès ki pa kenbe. Gen tou yon kesyon resous: òganize eleksyon kredib mande lajan ak sekirite, men Leta poko bay pep la sekirite.

Kesyon sa yo lejitim, epi yo pa dwe minimize yo. Men nou dwe panse a kòman pou nou soti nan sa nou ye la a.

Wòl edikasyon sivik ak lekòl yo

Youn nan pi gwo defi a se paske anpil moun pa aprann, depi lekòl, kijan enstitisyon demokratik yo mache, ki wòl yon depite genyen, ki diferans ki genyen ant yon pouvwa egzekitif ak yon pouvwa lejislatif elt. San konesans sa a, li difisil pou konprann poukisa vòt yon moun konte.

Òganizasyon jèn, medya kominotè, ak sosyete sivil gen yon wòl enpòtan pou konble twou sa a — se pa nan fè pwopagann pou yon kan politik, men nan bay enfòmasyon klè sou kijan sistèm nan fonksyone ak sou dwa sitwayen yo genyen.

Yon lavni ki poko ekri

Kèlkeswa dat egzat eleksyon yo (si yo rive fèt vre ane sa a): rekonstriksyon Ayiti ap pran plizyè jenerasyon, epi jenès kounye a ap oblije pote yon pati nan chay sa a. Kit yo deside patisipe nan politik dirèkteman, kit yo chwazi angaje yo nan lòt fason — kominotè, ekonomik, kiltirèl — vwa jèn yo ak patisipasyon yo konte.


Demokrasi pa yon evènman ki pase yon sèl jou nan ane a. Se yon pwosesis kontinyèl. Jenès ayisyen an gen yon gwo defi pou li leve. Li dwe batay pou li ranplase ansyen klas politik la. Se yon batay ki p ap fasil, premye pa nan batay sa a se enskri kòm elektè. Dezyèm pa a se al vote yon lidè ki gen yon pwogram ki solid, ki aplikab epi akonpaye l pou ede l reyalize l. Jèn fanm ak jèn gason yo pa dwe kite politisyen magouyè k ap preche barikad se lavni jenès la itilize yo pandan pitit pa politisyen sa yo ap suiv kou nan peyi etranje.

Laisser un commentaire

Panse semenn lan

« Lè ou wè zwazo anlè ou pa konn ki mizè l ap pase anba van ».

~ Pwovèb Ayisyen

Designed with WordPress

En savoir plus sur Ayiti Souvren

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture