Lekòl Léonce Mégie, youn nan pilye pen enstriksyon ak edikasyon nan peyi Ayiti

Monreyal onore eritaj vivan Lekòl Léonce Mégie jou samdi 29 novanm nan. Yon atmosfè espesyal t ap flote nan vil Monreyal nan peyi Kanada : yon santiman rekonesans, fyète, ak yon lanmou pwofon pou yon enstitisyon ki makònen ak lavi plizyè jenerasyon nan komin Lavale Jakmèl. Apre apèl Fratènite Valeyen Monreyal, ansyen elèv ki sòti nan diferan kwen nan peyi Kanada te reyini pou selebre yon syèk istwa ak misyon edikatif Lekòl Léonce Mégie, ki se youn nan pi gwo eritaj Frè Enstriksyon Kretyen yo nan komin nan. Ant akolad chalere, rèl lajwa, temwayaj ki frape kè ak yon lespri solidarite renouvle, rankont sa a make lansman ofisyèl selebrasyon san lane lekòl la epi l ouvè yon kanpay rekòt fon pou soutni lavni enstitisyon an. Komite valeyen Monreyal la te mete kanpe yon bèl rankont ki t ap bouyi ak lanmou, nostalji ak chalè. Rankont lan te sèvi kòm espas reyinyon pou ansyen kamarad, zanmi lontan ak nouvo manm dyaspora a, tout sa te fèt nan yon anbyans amikal ki chaje afeksyon.

DJ Rivarol Clément, ki se pitit lekòl la li menm, te mete son ki te ban nou gou bon tan lontan. Plizyè jenerasyon te rekonekte, gen ladan yo ki pa t wè youn lòt depi plis pase trant lane. « Pou mwen menm, kòm pitit eskol la, se te yon gwo emosyon pou m rekonekte ak kèk kamarad mwen pa t wè depi 1988. Lekòl Léonce Mégie te fonde ant 1924 ak 1926 gras ak vizyon reveran Pierre Bonneau, epi li pote non premye depite Lavale Jakmèl la. Li te ouvri pòt li ofisyèlman an oktòb 1926 anba direksyon Gérôme Émilien. Depi lè sa a, li rete youn nan pi gwo poto mitan edikasyon nan depatman Sidès peyi Ayiti. Jodi a, gen prèske 660 elèv k ap suiv fòmasyon ladan l. Lekòl la kontinye grandi de jenerasyon an jenerasyon Valeyen nan respè, disiplin, kwayans ak bon jan nivo akademik. Pou Balny Payen, yon ansyen elèv ki te pran lapawòl nan seremoni an, se yon fyète istorik pou kominote a :« San lane fèt yon sèl fwa ! Lekòl Léonce Mégie se yon enstitisyon ki kenbe tèt sou tan an. Se frè ki te soti nan Lavale yo ki te soti defann lekòl la, sa ki fè li rete kanpe. Gen anpil lòt lekòl frè ki fèmen, men li menm, li la toujou. Mwen se yon pwodui lekòl frè yo, depi primè rive segondè». Lekòl Léonce Mégie pa t sèlman montre nou li, ekri ak konte. Li te fòme n kòm moun. Depi prèske yon syèk, lekòl la ap anseye respè, sivism, linyon, disiplin, valè sa yo vin tounen kolòn vètebral jenerasyon ki pase ladan l.

Eritaj sa a dyaspora Valeyen vle onore epi soutni l. « Nan Fratènite Valeyen, n ap sansibilize kominote Monreyal la pou n soutni lekòl la. Chak ane, nou peye lekòl pou anviwon san (100) timoun ki pa gen mwayen », dapre sa M. Payen eksplike. Yon jès ki pwouve jan ansyen elèv yo pa janm bliye kote yo sòti.

Lavale Jakmèl depi lontan se tèritwa kilti ak edikasyon. Menm lè yo ale lòtbò dlo, pitit Lavale yo toujou kenbe yon atachman sakre ak kote yo sòti. Balny Payen fè konprann responsabilite sa a klè : « Nou gen yon devwa anvè lekòl ki fòme nou. Edikasyon se kle lavi : lè li ale mal, tout bagay ale mal ; lè li ale byen, tout bagay mache. Lavale bay peyi a gwo entèlektyèl ak bèl lespri ki fè nou fyè». Souveni ki fè lavi nou sonje lekòl la, pou Balny, se pa yon foto ki rete nan memwa : se yon enèji ki toujou ap viv. « Mwen pa gen yon sèl souvni presi, men mwen se yon pwodui Lekòl Léonce Mégie. Yo te montre nou sivis, etik, valè ki kontinye modle lavi nou jodi a». Lekòl la make nou, fòme nou, e enfliyans li rete gravè nan lespri nou pou tout lavi.

Mwen pa gen yon sèl souvni presi, men mwen se yon pwodui Lekòl Léonce Mégie. Yo te montre nou sivis, etik, valè ki kontinye modle lavi nou jodi a

Nan yon peyi kote avni souvan parèt ensèten, mesaj Balny a pou jèn Valeyèn klè ak senp : « Fè efò, al lekòl, aprann, travay di. Fòk nou sèvi kominote nou, fanmi nou, ak peyi nou. Pran leson nan men sa ki reyisi yo». Pou lekòl la ka kontinye misyon li pou san lòt lane ankò, gen kèk defi enpòtan ki rete : renouvle enfrastrikti yo, amelyore kondisyon sosyal elèv yo, ogmante kalite ansèyman an, epi kontinye misyon kretyen li.« Pi gwo defi a, se kontinye misyon edikasyon ak evanjelizasyon paske lekòl la se yon enstitisyon relijye k ap anseye valè kretyen », dapre M. Payen. Aktivite Monreyal la se premye nan yon seri evennman ki pral dewoule jis rive me 2026, dat ofisyèl san lane lekòl la. Rankont sa a lanse yon nouvo enèji, ranfòse inite dyaspora a, epi pèmèt yo ranmase fon pou pwojè enpòtan tankou konstriksyon yon blok sanitè modèn. « Gen yon komite ki deja fòme pou òganize tout aktivite yo. Leve fon sa a se yon fason pou ede direksyon lekòl la epi akonpaye lavni enstitisyon an » se sa M. Payen fè konnen.

Makendy BOURSIQUOT : Kominikatè-jounalis, tewolojyen, kontab.

Kontak: ayitisouvren@gmail.com

Laisser un commentaire

Designed with WordPress

En savoir plus sur Ayiti Souvren

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture