Edikasyon ak devlopman pèsonèl nan konstriksyon yon pi bon sosyete

Nan vil Jakmèl, lavni jèn yo pa yon mistè, se yon konstriksyon ki kòmanse depi jodi a. Jou ki te samdi 29 novanm 2025 lan, lokal Alayans Fransè Jakmèl la te tounen sant lespwa ak angajman. Yon gwoup jèn inivèsitè ak elèv te reyini pou lanse ofisyèlman « Edu+« , yon inisyativ revolisyonè ki mete edikasyon ak devlopman pèsonèl nan kè chanjman sosyal yo vle pote nan kominote a. Aktivite sa a, ki te dewoule anba tèm: « Devlopman pèsonèl ak edikasyon, de poto mitan pou yon avni solid » te rasanble plizyè dizèn jèn ki te swaf aprann, grandi, epi konprann wòl esansyèl yo dwe jwe nan sosyete Ayisyen an.

Devlopman pèsonèl ak edikasyon, de poto mitan pou yon avni solid

De gwo entèvenan, ki se poto mitan nan domèn edikasyon ak filozofi, te make lespri oditwa a:

Pè Benoît Louis Philippe, vis-rektè egzekitif nan Inivèsite Notre-Dame d’Haïti (UNDH), te prezante yon tèm ki touche nanm tout moun: « Wòl espirityalite ak edikasyon nan transfòmasyon sosyal ». Nan entèvansyon li, li te souliye enpòtans dimansyon espirityèl la: “Dimansyon espirityèl la esansyèl pou fè moun vin plis imen ak pou ankouraje patisipasyon aktif nan chanjman sosyal« .

Dimansyon espirityèl la esansyèl pou fè moun vin plis imen ak pou ankouraje patisipasyon aktif nan chanjman sosyal

Rodney Saintil, yon jenn pwofesyonèl ki fòme nan filozofi, te devlope yon tèm ki lye dirèkteman ak lavi chak jou: « Edikasyon ak sitwayènte: yon levye pou yon jenès responsab ak angaje ». Li te raple yon pwen kle nan lwa peyi a, daprè atik 16 nan Konstitisyon 1987 amande a: “Sitwayen se moun ki jwi dwa sivil ak politik li.” Li te ensiste tou sou wòl edikasyon an: “Edikasyon se pa sèlman aprann leson; se yon pwosesis sosyalizasyon ki fòme moun pou yo viv, aji, e kontribiye pozitifman nan sosyete a« .

Sitwayen se moun ki jwi dwa sivil ak politik li.

Avèk Edu+, inisyatè yo gen yon vizyon klè: fòme, akonpaye ak ankadre jèn yo pou ranfòse kapasite lidèchip yo, sans responsablite yo ak angajman sitwayen yo.

Tou de entèvenan yo te mete aksan sou relasyon ki p ap janm pran fen ant moun ak sosyete a, ak mesaj final sa a: “Yon jenès byen prepare se poto mitan yon nasyon ki solid, ki estab, ki pare pou konstwi lavni.

Yon jenès byen prepare se poto mitan yon nasyon ki solid, ki estab, ki pare pou konstwi lavni

Se Cathiana Désiré, yon fanm angaje ak aktif nan lavi kominotè a, ki te asire moderasyon aktivite a avèk pwofesyonalis, sa ki te pèmèt piblik la pwofite nèt de rankont la.

Pandan solèy t ap kouche sou Jakmèl jou samdi sa a, epi patisipan yo t ap kite Alyans Fransè a, se pa sèlman yon reyinyon ki te fini. Se te kòmansman yon mouvman kote chak jèn aprann avni Ayiti a pa ekri nan syèl la, men li simen nan sal klas, li wouze ak devlopman pèsonèl, epi li rekòlte nan aksyon sitwayen angaje. Edu+ pa sèlman pale de chanjman; li ankouraje chak jèn vin achitèk pwòp desten yo ak desten nasyon an, yon liv istwa ki fèk kòmanse ekri ak plim kouraj ak edikasyon.

Makendy BOURSIQUOT: Kominikatè-Jounalis, Tewolojyen, kontab.

Kontak: ayitisouvren@gmail.com

Laisser un commentaire

Designed with WordPress

En savoir plus sur Ayiti Souvren

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture