Apre Grenadye yo sot kalifye istorikman pou mondyal 2026 la, Ayiti gen yon nouvo ewo.

Yon lòt fwa ankò, pandan mwa novanm sa a, Ayiti leve tèt li byen wo sou sèn espòtif mondyal la. Chavanne Grégoire, yon vanyan gason 35 lane, antre nan listwa kòm premye Ayisyen ki pote lakay li yon tit mondyal kickboxing nan kategori 85 kg. Se pa sèlman yon viktwa espòtif; se yon mesaj fò ki montre peyi nou se tè kouraj, fòs ak detèminasyon. Chak kout pye, chak kout pwen Grégoire te lage sou advèsè li a, se te lespri ewo nou yo ki t ap viv ankò. Menm jan ak vanyan sòlda Vètyè yo ki te chanje desten yon nasyon 18 novanm 1803, kote yo te bimen, krabinen lame napoleyonyen an, viktwa sa a demontre tout mond lan lè yon Ayisyen kwè nan tèt li, pa gen anyen ki ka kenbe li.

Nan moman kote peyi a ap travèse anpil tanpèt, viktwa sa a limen yon lanp lespwa. Li raple pèp la Ayiti se pa sèlman istwa doulè; li se istwa vanyan sòlda ki toujou leve kanpe, menm lè mond lan kwè tout bagay fini. Li montre Ayiti etènèl e p ap janm peri. Vanyan gason sa ki se se Grégoire sòti nan menm sous fòs ak zansèt nou yo ki te konbat pou libète yo avèk men vid men ak kouraj plen kè yo, yon kouraj menmjan ak kouraj Kapwa ki te leve kanpe pou batay apre yon boulèt kanon te lage cheval li atè, fransè yo te tèlman sezi yo te kanpe batay la pou yo te aplodi, felisite jès ewoyik sa a. Jodia tout mond lan kanpe pou yo aplodi Grégoire, vanyan chanpyon Ayisyen an. Siksè li montre tout jèn yo potansyèl la la. Menm si kondisyon yo pa fasil, menm si resous yo limite, talan ak volonte yon Ayisyen se zam ki pa janm fennen.

Chavannes Grégoire se yon gason vanyan ki mete Ayiti sou somè mond kickboxing lan.

Chavanne Grégoire se kounye a yon nouvo figi ewo pou jenerasyon ki ap vini yo. Li trase yon chemen kote travay, disiplin ak pasyon tounen poto mitan chak viktwa. Li montre ke menm si Ayiti pa gen gwo estrikti, li toujou gen pitit ki pare pou pote drapo a bien wo, tankou Desalin, Kapwa Lamò ak tout konbatan ki te maspinen lame fransè a nan batay Vètyè a pou pèp nou an te ka libere.Li pa sèlman reprezante tèt li; li pote tout Ayiti sou zepòl li, e li fè lemonn sonje san nou toujou chaje ak menm dife rezistans ki te fè peyi sa a vin premye repiblik nwa endepandan nan mond lan.

Avèk tit mondyal sa a, Chavanne Grégoire antre nan galri gran ewo modèn yo. Viktwa li se yon apèl pou plis atlèt, plis rèv, plis detèminasyon. Li louvri yon pòt pou yon nouvo jenerasyon ki vle fè bri sou planèt la, ki vle fè tande vwa Ayiti pi lwen toujou.

Mèsi Chavanne Grégoire paske menmjan ak grenadye yo ki sot kalifye peyi nou pou mondyal 2026 la, ou rive mete Ayiti sou tèt mond lan. Tankou zetwal, drapo nou an ap klere pou tout je gade l.

Une réponse à « Chavanne Grégoire ekri yon nouvo paj glwa pou Ayiti »

  1. Avatar de Martenlo
    Martenlo

    Awesome 🫡

Laisser un commentaire

Designed with WordPress

En savoir plus sur Ayiti Souvren

Abonnez-vous pour poursuivre la lecture et avoir accès à l’ensemble des archives.

Poursuivre la lecture